Download the Lyrics Toolbar   Free
Lyrics Toolbar
Search and browse lyrics easily and instantly. Search for artists, albums and songs. Includes a popup blocker.
The lyrics toolbar sits unobtrusively at the top of your browser. Right click here and 'save target as' and then run the file.
artist album song
'Egzile' by 'Tibob De Nazareth'
from the album 'Ou Anndan M'
All songs by Tibob De Nazareth
All albums by Tibob De Nazareth
Tibob De Nazareth CD Reviews

Lyrics for 'Egzile' by 'Tibob De Nazareth'
Egzile
Lyrics: Tibob
Music: Tibob

Nou Jiferan Depi Lontan Nou Depaman
Hmm Men Jiskaprezan
Nou Depòte Nou Vwayaje Nou Egzile

Hmm Gade Nou
Sou Tout Latè N Gaye N San Direksyon
Peyi Nou
Ape Trimen Nan W Vag Dezolasyon
Pagen Pòsyon Ki Pou Ba L Gerizon

Nou Ta Vle
Tounen Yon Jou Pou N Sèvi Peyi Nou
Nou Reve
Men Lespwa Nou Ap Retresi Chak Jou
Kalkilasyon Vanse Fin Fè Nou Fou

Se Vre N Travay San Chitatann
Se Sa Moun Lakay Pa Konprann
Kote N Pase N Se Etranje
Nou Fatige Ak Prejije

Nou Konnen
Nou Se Yon Pèp Ki Pa P Dekouraje
Nou Sèten
Nan Bay Lanmen Yon Jou N A Va Rive
Se Sèl Maji Ki Ka Fè N Delivre

An N Ale
Jenès Nou Se Lafòs Nou Se Lespwa
An N Lite
An Nou Montre Moun Yo Nou Toujou La
Nou Se Yon Pèp Ki Konnen Fè Listwa

Si Jodi La Nou Ajenou
Se Pa Vwazen Se Fòt Pa Nou
Nou Vann Nanm Nou Pou Plat Manje
Foli Pouvwa Fè N Divize

Refren
Ayiti, Sispann Krazebrize
Pou Nou Ka Vanse
Ayiti, An Nou Serekole
Konsa N A Rive

Ban M Lè Pou M Pale Menm Si Lòt Fache
Dat Nou Egzile Nou Pe Pa Chenbe
Lagè Se Sa N Plante Ak Imoralite
Chè Nou Plen Mechanste
Ki Sa N Te Vle Rekòlte (la)

Refren

Peyi N Fin Kraze Tèlman N Divize
Gouvènman Pase Anyen Pa Regle
Vire Tounen N Tonbe Nan Goumen
N Ap Viv Nan Chen-manje-chen
Politisyen Fè Nou Fè Tenten

Se Tout Kote N Ale Nou Yo Divize
Se Tout Kote N Pile Nou Yo Imilye
W A Di N Pagen Peyi
W A Di Nou San Patri
Responsab Nou Yo
Genlè N Pa Wè Nou Nan Dlo

Refren

Di Mwen Ki Kote N Prale
Si N Pa Gen Linyon
Si N Pa Ke Fè Wout Ansanm
Pou N Delivre
Chèche Koneksyon
Pou Nou Ka Fè Wout Ansanm
Menm Si Nou Pa Dakò
Nou Ka Kreye W Akò
Pou Nou Pa Pèdi Tan
Pou Nou Pouse Douvan
2004 Rive, Tèt Nou Debraye
Nou Pa Ka Mache Konsa
Fò N Chita Pou Nou Pale
Fò N Chita Pou N Eksplike
Nou Pa Nan Pèdi Tan
Fòk Nou Pouse Douvan
Se Peyi Pa W Se Peyi Pa M ...

Produced By: Tibob
Keyboards: Tibob & T-jean
Bass: Ti Doudou
Guitars: Youyou & Sergo
All Backgrounds: Tibob
Drums: Ti Doudou

**** **** **** ****
In Exile

Like Wanderers
We’re Everywhere
Disbanded, Dismantled
Hmm! Hmm! Nothing Has Changed
Crossing Oceans
Traveling Continents
We’re In Exile
Hmm! Hmm!

Look At Us
Without Destination We’re Scattered
On The Face Of The Earth
Our Country
Is Sinking In The Ocean Of Desolation
No Potion Can Relieve Its Pain

It’s Our Desire
To Go Back Some Day
To Rebuild Our Country
We Dream On
But Our Hope Keeps On Shrinking
This Pain Is Killing Us Softly

We Do Work Unceasingly
But Our Folks Back Home Don’t Get It
Where Ever We Go We Are Strangers
We’re Tired Of Being Discriminated Against

We Know
We’re A People To Never Lose Hope
We’re Certain
Unity Will Get Us There Some Day
That’s The Only Magic To Deliver Us

Come On
Young Souls, We’re The Power, The Hope
Let Us Fight
To Show The World We Still Have It
We’re A People That Made History

If Today We’re On Our Knees
We’re The Only Ones To Blame
We’re Selling Our Souls For Food
The Lust For Power Is Still Dividing Us.

Chorus
Haiti, Stop The Genocide
We’ve Got To Move Ahead
Haiti, Let’s Be United
Then We’ll Know Victory

I Need To Talk
Others Will Get Upset
So Long In Exile
Can’t Hold Anymore
Crime, Immorality, War Are Our Seeds
We Step Over Respect And Love
What Do We Expect?

Chorus

Our Country Is Destroyed
We’re So Divided
Governments Come And Go
Our Bad Destiny Seems Untouchable
For Nothing We Start Fighting
Like Wild Savage Beasts
Politicians Keep On Deceiving
God, Come Rescue The Haitian People!

Everywhere We Go
We’re Humiliated
Every Road We Take
We’re Disappointed
It’s Like We Have No Family
It’s Like We Have No Country
Our Government Officials
Can’t You See We’re Dying!

Chorus

Tell Me Where We’re Heading
If We’re Disbanded
If We Can’t Work Side By Side
We’ve Got To Connect
And Walk Side By Side
If We Wish To Make It.



A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z 0-9


Home

All lyrics are provided for informational and educational purposes only. Lyrics are
subject to all international copyright laws and remain the property of their respective owners.